Dwa Pasyan yo Genyen nan yon Etablisman Chiriji Anbilatwa (Ambulatory Surgical Facility, ASF)

Antanke yon etablisman swen sante ki nan University of Pennsylvania Health System (UPHS)1 ak Penn Medicine, nou angaje nou pou nou bay oumenm ak pasyan nou yo swen medikal bon kalite, epi asire nou vizit ou a pi agreyab posib. Administrasyon ak pèsonèl etablisman sa a apwouve "Deklarasyon sou Dwa Pasyan an," deklarasyon sa a aplike pou tout pasyan yo. Si w pa kapab egzèse dwa sa yo sou non w, enben dwa sa yo aplike pou reprezantan legal ou deziyen an epi ki otorize a. Pwiske se objektif nou pou nou bay swen medikal ki efikas epi avèk tout konsiderasyon, selon kapasite nou, selon misyon nou, selon filozofi nou, epi selon lwa ak règleman ki aplikab yo, nou soumèt deklarasyon sa yo ba ou kòm yon deklarasyon politik nou an.

Deklarasyon sou Dwa Pasyan an

Yon pasyan genyen dwa pou:

  • Yo ba li enfòmasyon sou tout dwa li genyen yo nan moman admisyon an.
  • Li jwenn swen avèk respè nan men pèsonèl ki konpetan, ki pran an konsiderasyon valè kiltirèl ak pèsonèl li yo ak sistèm kwayans li yo, epi pou amelyore konfò ak diyite li.
  • Yo ba li non doktè ki sou li a, non tout lòt doktè oswa founisè ki patisipe dirèkteman nan swen li epi non ak fonksyon lòt pèsonèl swen sante ki gen kontak dirèk avèk pasyan yo, lè li mande sa.
  • Yo pran tout mezi pou respekte vi prive l nan pwogram swen medikal li a. Diskisyon medikal li yo, konsiltasyon li yo, egzamen li yo ak tretman li yo rete konfidansyèl epi yo dwe fèt avèk diskresyon, asire yon konfidansyalite vizyèl ak oditif ki rezonab chak fwa sa posib.
  • Li gen yon moun ki la pandan egzamen fizik yo anvan oswa apre yon pwosedi/operasyon, toutotan moun lan pa deranje swen an, si li mande sa.
  • Yo trete enfòmasyon, tankou dosye ki gen rapò ak swen medikal li, nan konfidansyalite sof nan ka lalwa otorize oswa nan kad dispozitif kontra li genyen ak lòt enstitisyon.
  • Konnen atant etablisman an ak responsablite pasyan an ak konduit vizitè yo.
  • Li jwenn swen bon kalite ak estanda pwofesyonèl ki wo, yon estanda yo toujou kenbe epi yo toujou revize.
  • Jwenn enfòmasyon konplè nan yon fason ki senp konsènan dyagnostik, tretman ak pwonostik, ak enfòmasyon sou lòt tretman yo ak konplikasyon ki ka genyen yo. Lè li pa rekòmande medikalman pou yo bay pasyan an enfòmasyon yo, yo dwe bay reprezantan legal li deziyen an epi ki otorize a enfòmasyon yo nan non pasyan an.
  • Bay konsantman li pou tretman. Eksepte pou ijans, founisè a dwe jwenn yon konsantman eklere anvan li kòmanse pwosedi yo ak tretman yo. Sa gen ladann konprann risk, avantaj, ak lòt opsyon konparatif ki asosye ak fè yon operasyon oswa yon pwosedi nan etablisman sa a olye nan yon lopital.
  • Li pa patisipe nan okenn pwogram rechèch eksperimantal, pwogram donatè oswa aktivite edikatif, amwenske pasyan an oswa reprezantan legal li deziyen an epi ki otorize a te bay konsantman eklere li anvan li patisipe nan yon pwogram konsa. Si pasyan an oswa reprezantan legal li deziyen an epi ki otorize a pa kapab bay konsantman eklere li, yon moun ki responsab li, gen dwa pou jwenn eksplikasyon lè yon praktisyen ap konsidere fè pasyan an patisipe nan yon pwogram rechèch medikal oswa yon pwogram donatè, epi pasyan an oswa moun ki responsab li a, dwe bay konsantman eklere li anvan patisipasyon l efektivman nan pwogram nan. Pasyan an, oswa moun ki responsab li a, gen dwa pou li refize kontinye nan yon pwogram li te bay konsantman eklere li pou li.
  • Li aksepte swen medikal oswa refize nenpòt medikaman, nenpòt tretman oswa nenpòt pwosedi etablisman an ofri, nan nivo lalwa pèmèt; epi yon pwofesyonèl swen sante (yon founisè) dwe enfòme pasyan an konsènan konsekans medikal ki ka genyen sou pasyan an lè l refize fè sa a.
  • Resevwa sèvis medikal ak swen san okenn diskriminasyon ki baze sou laj, ras, koulè, relijyon, sèks, peyi orijin, andikap, andomajman, sous peman oswa sous revni, jan, zansèt, eta sivil, sitiyasyon familyal, enfòmasyon jenetik, idantite seksyèl oswa ekspresyon seksyèl, oryantasyon seksyèl, kilti, lang, estati sosyo-ekonomik oswa estati viktim vyolans nan kay oswa viktim vyolans seksyèl.
  • Yo pale avèk li yon fason ki klè, ki kout, epi ki fasil pou konprann. Si pasyan an pa pale Anglè, li ta dwe gen aksè, lè sa posib, ak sèvis entèpretasyon ak tradiksyon lang gratis. Yo bay enfòmasyon yo yon fason ki adapte ak laj pasyan an (si sa aplikab), ak lang pasyan an, ak kapasite pou l konprann. Sa gen ladann, ede yon pasyan yon fason ki reponn ak bezwen pasyan an, si pasyan an gen pwoblèm pou wè, pou pale, pou tande oswa si li gen pwoblèm mantal.
  • Fè se sèlman moun ki patisipe dirèkteman nan swen li yo, pou se sèlman moun ki kontwole kalite swen li yo, oswa pou se sèlman moun lalwa oswa règleman yo otorize ki ka li dosye medikal li a. Si li mande sa, etablisman an dwe bay pasyan an oswa reprezantan legal li deziyen an epi ki otorize a, aksè a tout enfòmasyon ki nan dosye medikal la, sof si praktisyen ki sou pasyan an mete restriksyon espesifik sou dosye a pou rezon medikal.
  • Atann y ap gen pou itilize bonjan teknik jesyon nan etablisman sa a, pandan y ap sonje pou yo itilize tan an yon fason ki efikas epi evite mete pasyan an mal alèz.
  • Li espere jwenn entèvansyon an ijans anplis san okenn reta initil. Si gen yon ka ijans epi yo transfere pasyan an nan yon lòt etablisman, fòk yo enfòme reprezantan legal li deziyen an epi ki otorize a. Yo dwe enfòme enstitisyon kote pasyan an dwe transfere a anvan yo transfere pasyan an.
  • Li egzamine epi resevwa yon eksplikasyon detaye sou fakti li, ansanm ak tout enfòmasyon ak konsèy sou resous finansyè ki disponib pou swen pasyan an.
  • Atann etablisman an ap mete an plas yon mekanis kote y ap bay pasyan an enfòmasyon sou egzijans pou li jwenn swen sante san kanpe ak mwayen pou li jwenn yo apre egzeyat li.
  • Evalyasyon ak jesyon doulè ki apwopriye.
  • Resevwa swen nan yon anviwònman ki san danje epi ki pa gen okenn fòm abi ak asèlman.
  • Pa sibi okenn kontrent ak izòlman ki pa nesesè medikalman oswa pèsonèl la itilize kòm yon mwayen presyon, disiplin, fasilitasyon, oswa vanjans.
  • Li gen sèvis pwoteksyon epi pa sibi okenn neglijans, eksplwatasyon, ak abi vèbal, mantal, fizik, epi seksyèl.
  • Patisipe nan refleksyon sou kesyon etik ki konsène swen yo nan kad òganizasyon sa a tabli pou trete kesyon sa yo.
  • Fè yon enstriksyon alavans oswa nonmen yon ajan swen sante pou li ka pran desizyon swen sante nan non li. Etablisman an ak pwofesyonèl li yo ap respekte desizyon sa yo nan limit lalwa egzije a epi depi li an akò ak misyon nou, valè nou, ak filozofi nou. Si sa aplikab, pasyan an responsab pou bay etablisman an yon kopi enstriksyon alavans li a.
  • Yo pa oblije l genyen oswa ranpli yon enstriksyon alavans pou l ka resevwa swen ak tretman nan etablisman sa a.
  • Pran desizyon konsènan refize sèvis reyanimasyon oswa pou sispann sèvis tretman ki kenbe li vivan toujou yo, nan limit lalwa ak règleman etablisman an.
  • Pran desizyon konsènan swen sante li an kolaborasyon ak pwofesyonèl swen sante li yo. Dwa sa a aplike pou fanmi ak/oswa responsab legal nenpòt minè.
  • Patisipe nan swen ak tretman li yo nan tout nivo ki posib yo. Gen kèk sikonstans kote pasyan an ka pa kapab fè sa. Nan sitiyasyon sa yo (pa egzanp, si yo jije pasyan an enkonpetan selon lalwa, oswa si doktè a we pasyan an medikalman pa kapab konprann tretman an oswa pwosedi yo pwopoze a, oswa si li pa kapab fè konnen sa li vle konsènan tretman an, oswa si li se yon minè ki pa sou responsabilite paran l), se reprezantan li deziyen an oswa lòt moun yo bay yon otorizasyon legal la ki dwe egzèse dwa pasyan an, nan limit lalwa pèmèt sa a.
  • Li jwenn èd pou l rive jwenn konsiltasyon nan men yon lòt doktè depi se li ki mande sa epi depi se li k ap peye pou sa.
  • Deziyen yon manm fanmi, yon zanmi, oswa yon lòt moun kòm yon moun k ap sipòte pandan tretman swen anbilatwa pasyan an.
  • Deziyen moun ki ka rete ak pasyan an. Moun sa yo pa bezwen genyen yon lyen legal avèk pasyan an. Pa egzanp, yo kapab yon mari oswa madanm, yon moun ou plase avèk li (tankou yon patnè ki gen menm sèks avè w), yon lòt manm fanmi, oswa yon zanmi. Etablisman an p ap mete restriksyon, p ap limite oswa refize nenpòt vizitè sou baz laj, ras, koulè, peyi orijin, relijyon, sèks, andikap, andomajman, jan, zansèt, eta sivil, sitiyasyon familyal, idantite seksyèl oswa ekspresyon seksyèl, oryantasyon seksyèl, kilti, lang, estati sosyo-ekonomik oswa estati viktim vyolans nan kay oswa viktim vyolans seksyèl. Etablisman an ka bezwen limite oswa mete restriksyon sou vizitè yo pou pèmèt li pi byen pran swen pasyan an oswa lòt pasyan yo. Pasyan an gen dwa pou yo enfòme li konsènan nenpòt restriksyon oswa limitasyon klinik ki genyen.
  • Bay oswa refize konsantman eklere li pou fè oswa itilize anrejistreman, fim, oswa lòt imaj pou lòt rezon ki pa konsène swen li, tretman li, oswa idantifikasyon pasyan an.
  • Yo pa refize aksè a yon moun oswa yon ajans ki otorize pou aji nan non li pou revandike oswa pwoteje dwa pasyan an.
  • Chèche verifikasyon kalite swen apati enkyetid li yo, desizyon sou kouvèti asirans yo, ak enkyetid konsènan swen li ak egzeyat li.
  • Voye kesyon oswa fè konnen enkyetid li genyen konsènan Lwa sou Transferabilite ak Responsablite Asirans Sante a (Health Insurance Portability and Accountability Act, HIPAA) oswa voye kesyon ki gen rapò ak vi prive pa imèl bay Biwo Pwoteksyon Vi Prive UPHS la nan privacy@uphs.upenn.edu oswa rele li nan nimewo 215-573-4492.
  • Voye kesyon oswa fè konnen enkyetid li genyen konsènan aksesibilite oswa aranjman yo bay Responsab Aksè pou Moun ak Andikap nan University of Pennsylvania Health System lan nan nimewo 215-615-4317.
  • Pote plent, san represay, konsènan swen, epi pou yo egzamine plent sa yo, si sa posib, menm rezoud yo. Pasyan ki gen kesyon oswa ki gen pwoblèm konsènan swen y ap resevwa a, ta dwe pale avèk doktè yo a, enfimyè yo a, oswa lòt reprezantan etablisman yo a anvan yo kite sit klinik la.

Si ou genyen kesyon konsènan Deklarasyon Dwa ak Responsablite Pasyan an oswa konsènan plent ak doleyans yon pasyan, men kiyès pou ou kontakte:

Penn Digestive and Liver Health Center University City, Penn Presbyterian Medical Center
3737 Market Street, 11yèm Etaj
Philadelphia, PA 19104
Rele pou pote plent oswa fè yon doleyans: 215-662-9100

Surgery Center at Penn Medicine University City, Penn Presbyterian Medical Center
3737 Market Street, 5yèm Etaj
Philadelphia, PA 19104
Rele pou pote plent oswa fè yon doleyans: 215-662-9100

Penn Medicine Radnor Surgery Center, The Hospital of the University of Pennsylvania
145 King of Prussia Road
Suite G-104
Radnor PA 19087
Rele pou pote plent oswa fè yon doleyans: 215-662-2575

The Hospital of the University of Pennsylvania Reproductive Surgical Facility
3701 Market Street, 7yèm Etaj
Philadelphia, PA 19104
Rele pou pote plent oswa fè yon doleyans: 215-662-2575

The Endoscopy Center of The Pennsylvania Hospital
230 West Washington Square
Philadelphia, PA 19106
Rele pou pote plent oswa fè yon doleyans: 215-829-3891

The Surgery Center of the Pennsylvania Hospital
1840 South Street
Philadelphia PA 19146
Rele pou pote plent oswa fè yon doleyans: 215-893-7021

Lancaster General Hospital Ambulatory Surgical Facility
2100 Harrisburg Pike, Suite 200
Lancaster, PA 17601
717-544-3115

Plent oswa Doleyans Ki Pa Rezoud yo

Si yon pasyan oswa yon manm fanmi li panse genyen yon plent oswa yon doleyans ki rete san rezoud atravè pwosesis rezolisyon etablisman an, oswa kèlkeswa yo te itilize pwosesis doleyans etablisman an, moun nan gen dwa pou kontakte òganizasyon sa yo konsènan enkyetid li a:

Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (Centers for Medicare and Medicaid Services, CMS)
Kalite ak Kontestasyon 866-815-5440
Ou ka ranpli yon Fòm Plent sou Kalite Medicare etan sou sit entènèt https://www.livantaqio.cms.gov/en

The Pennsylvania Department of Health Division of Acute and Ambulatory Care
Health & Welfare Building, Room 532
625 Forster Harrisburg, PA 17120-0701
Liy Dirèk pou Plent: 1-800-254-5164
Fòm pou plent anliy: https://apps.health.pa.gov/dohforms/FacilityComplaint.aspx

Komisyon Miks la (The Joint Commission)

Komisyon Miks la (The Joint Commission) bay yon Liy enfòmasyon pou pasyan yo, konsènan fason pou yo siyale oswa fè konnen enkyetid yo genyen oswa pote plent pou yon òganizasyon swen sante ki akredite oswa ki sètifye nan nimewo 1-800-994-6610.

Metòd prefere pou soumèt yon nouvo enkyetid oswa plent, oswa yon enkyetid oswa yon plent ki ajou yo soumèt deja, se atravè fòm pou soumèt anliy ki pou Komisyon Miks la (Joint Commission). Ou ka jwenn fòm pou soumèt anliy la ki gen enstriksyon byen detaye sou sit entènèt Komisyon Miks la (The Joint Commission) ki se jointcommission.org. Chèche jwenn kote ki make "Connect with Us" (Konekte avèk Nou), klike sou "Report a Safety Concern" (Siyale yon Enkyetid sou Sekirite) epi suiv enstriksyon yo.

Epitou, ou ka kontakte 'The Joint Commission' nan Lapòs Ameriken:

Office of Quality and Patient Safety
The Joint Commission
One Renaissance Boulevard
Oakbrook Terrace, Illinois 60181

Remak: li pa posib pou soumèt plent oswa enkyetid yo pa faks oswa pa imèl.

Pou enkyetid ki gen rapò ak diskriminasyon oswa nenpòt enkyetid konsenan dwa sivil yo:

Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Ameriken (U.S. Department of Health and Human Services), Biwo Dwa Sivil (Office for Civil Rights)

  • Gen resous pou pote plent anliy ki disponib nan Filing a Complaint | HHS.gov (Depoze yon Plent)
  • Yo ka depoze enkyetid, plent, ak akizasyon ki gen rapò ak Dwa Sivil yo alekri pa lapòs, pa faks, pa imèl, oswa atravè Èd pou Pòtay Plent lan nan OCR Complaint Portal (Pòtay Plent OCR).
  • Si w genyen nenpòt kesyon oswa si w bezwen èd pou w ka depoze yon plent konsènan dwa sivil, libète konsyans oswa libète relijye, oswa konsènan konfidansyalite enfòmasyon sante, ou ka voye yon mesaj imèl bay OCR nan OCRMail@hhs.gov oswa rele Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Ameriken an (U.S. Department of Health and Human Services), Biwo Dwa Sivil la (Office for Civil Rights) nan nimewo: 1-800-368-1019, TDD: 1-800-537-7697.
  • Voye plent yo bay: OCRComplaint@hhs.gov

Pou enkyetid ki gen rapò ak aksesibilite pou moun ak andikap oswa aranjman yo

The United States Department of Justice
950 Pennsylvania Avenue, NW
Civil Rights Division, Disability Rights Section–1425 NYAV
Washington, D.C., 20530
Telefòn: 1-800-514-0301
Faks: 202-307-1197
Fòm pou plent anliy yo disponib sou: www.ada.gov/complaint

Deklarasyon sou Responsablite Pasyan an

Pou ede pasyan yo resevwa bonjan swen epi swen bon kalite, nou mande pou pasyan yo ak reprezantan legal li deziyen yo epi ki otorize yo, pou yo aji daprè règleman ak politik University of Pennsylvania Health System lan (UPHS) epi daprè règleman ak politik etablisman an.

Tanpri, pran responsabilite w pou rezon sa yo:

  • Bay pwofesyonèl swen sante w la enfòmasyon ki egzak epi ki konplè konsènan plent ak maladi ou genyen nan moman an, di li tout sa li ta dwe konnen lè l ap pran swen w lan (pa egzanp, alèji w yo), maladi ou te genyen anvan yo, lè w te entène lopital yo, medikaman yo, enstriksyon alavans yo, ak lòt bagay ki gen rapò ak antesedan medikal ou oswa swen ou, pou w ka resevwa yon tretman medikal ki efikas.
  • Suiv enstriksyon yo ak òdonans medikal yo selon tout kapasite ou genyen pou fè sa, kolabore avèk pèsonèl etablisman an, epi poze kesyon si eksplikasyon ak/oswa pwosedi yo pa fin klè pou ou.
  • Siyale si w byen konprann plan aksyon ki te planifye a ak sa yo atann de ou pou w ka pran swen tèt ou.
  • Toutotan sa posib, manm fanmi w yo oswa moun k ap ba w swen ou deziyen yo oswa reprezantan legal ki otorize yo, ta dwe disponib pou pèsonèl UPHS la yon fason pou egzamine tretman w lan, si tout fwa ou pa kapab kominike avèk moun k ap ba w swen sante yo kòmsadwa.
  • Fè aranjman pou yon moun ki responsab ka akonpanye w lakay ou, pou asire ou an sekirite apre yon pwosedi ki fèt nan menm jou a.
  • Ou responsab aksyon w yo si ou refize swen yo oswa si ou pa suiv rekòmandasyon swen yo.
  • Ou dwe respekte lòt pasyan yo ak pèsonèl swen sante yo yon fason pou ede kontwole bri, vizitè, ak foul moun nan etablisman an.
  • Ou dwe gen respè pou bagay ki pou lòt moun yo ak bagay ki pou University of Pennsylvania Health System (UPHS). Menas, vyolans, pètibe swen pasyan yo, oswa asèlman sou lòt pasyan yo, sou vizitè yo, oswa sou pèsonèl lopital la pa ladan.
  • Evite fè nenpòt aktivite ilega sou pwopriyete UPHS la. Si yon aksyon konsa rive fèt, UPHS ka siyale bay lapolis.
  • Pa pran okenn medikaman oswa dwòg pwofesyonèl swen sante w la pa t preskri w epi pèsonèl ki kalifye a pa t ba ou; paske aksyon sa yo ka lakoz pwosesis gerizon w lan vin konplike oswa li ka mete pwosesis sa a an danje.
  • Pa konsome bwason ki gen alkòl oswa sibstans toksik pandan vizit ou nan etablisman an.
  • Pa vini ak zam ki ka tire ak/oswa zam tout kalite nan etablisman an.
  • Pa pran foto ak/oswa pa anrejistre pèsòn moun san li pa ba ou pèmisyon pou sa.
  • Pa fè kòmantè ki chokan, ki parèt derespektan, oswa ki gen diskriminasyon ladan konsènan ras lòt moun, aksan lòt moun, relijyon lòt moun, jan lòt moun, idantite seksyèl lòt moun, oryantasyon seksyèl lòt moun, oswa lòt karakteristik pèsonèl.
  • Pa vini ak okenn bagay ki gen valè nan lopital la. Si tout fwa ou dwe vini ak yon bagay ki gen valè, tanpri bay fanmi w oswa moun k ap pran swen w lan oswa moun ki akonpanye w la bagay sa yo pou li kapab mete yo yon kote ki sekirize.
  • Respekte règleman ki entèdi moun fimen nan etablisman an.
  • Respekte Kòd Konduit Penn Medicine Genyen pou Pasyan, Vizitè, ak Pèsonèl la.
  • Ou dwe responsab finansyèman pou w peye pou tout sèvis yo bay atravè lòt pati k ap peye yo (konpayi asirans ou an) oswa ou dwe responsab pèsonèlman pou w peye pou nenpòt sèvis kontra asirans ou an pa kouvri.

Tout ekip Penn Medicine nou an remèsye w paske w te chwazi resevwa swen w lan isit la. Se yon plezi pou nou pou n sèvi w ak pran swen w.

Ekip Lidèchip

  • Penn Digestive and Liver Health Center University City, Yon etablisman Penn Presbyterian Medical Center
  • Sant Chiriji nan Penn Medicine University City, Yon etablisman Penn Presbyterian Medical Center
  • Sant Chiriji nan Penn Medicine Radnor, Yon etablisman Hospital of the University of Pennsylvania
  • Sant Chiriji nan Penn Medicine Radnor, Yon etablisman Hospital of the University of Pennsylvania
  • Etablisman Chiriji pou Swen Repwodiksyon nan Hospital of the University of Pennsylvania
  • The Endoscopy Center of The Pennsylvania Hospital
  • The Surgery Center of the Pennsylvania Hospital
  • Etablisman Chiriji Anbilatwa nan Lancaster General Hospital
  • Physicians' Surgery Center, Lancaster General Health
  • Lancaster General Hospital, The

1 Penn Medicine gen ladan Perelman School of Medicine nan University of Pennsylvania ak University of Pennsylvania Health System ak filyal yo ak afilye li yo, ki gen ladann men se pa sa sèlman Hospital of the University of Pennsylvania, Pennsylvania Hospital, Penn Presbyterian Medical Center, Chester County Hospital, Lancaster General Health, Lancaster General Hospital, Lancaster General Medical Group, The Heart Group of Lancaster General Health, Lancaster General Health–Columbia Center, Penn Medicine Home Health Lancaster General Health, Penn Medicine Princeton Health, Penn Medicine Princeton Health, Pen Medicine Princeton Health Behavioral Health, Penn Medicine Princeton Medicine Physicians, Penn Medicine Home Health Princeton Health, Penn Medicine Hospice Princeton Health, tout Etablisman Chiriji Anbilatwa oswa Etablisman Swen Anbilatwa ki gen lisans separeman yo se: Penn Medicine Radnor Surgery Facility, yon etablisman Hospital of the University of Pennsylvania, Hospital of the University of Pennsylvania Reproductive Surgical Facility, The Surgery Center of Pennsylvania Hospital, Endoscopy Center of Pennsylvania Hospital, The Surgery Center at Penn Medicine University City, yon etablisman Penn Presbyterian Medical Center, Penn Digestive and Liver Health Center University City, yon etablisman Penn Presbyterian Medical Center, Penn Presbyterian Infusion Services, yon etablisman Penn Presbyterian Medical Center, Penn Radiology Cherry Hill, Physician's Surgery Center Lancaster General, LLC, The Lancaster General Hospital Ambulatory Surgical Facility, Princeton Endoscopy Center LLC, ak pratik klinik University of Pennsylvania, Clinical Care Associates, Penn Medicine Medical Group, Good Shepherd Penn Partners, Clinical Health Care Associates of New Jersey, Ambulatory Surgery Center Monroe.

Read the Ambulatory Surgical Facility Patient Bill of Rights in English.

Follow us