Antake yon etablisman swen sante anndan Penn Medicine ak Sistèm Sante Inivèsite Pennsylvania (University of Pennsylvania Health System, UPHS)1, nou angaje nou pou nou ba ou bonjan kalite swen medikal, ou menm ki se pasyan nou, e pou fè tan w’ap rete avèk nou an agreyab. "Deklarasyon Dwa Pasyan” sila a, ke administrasyon ak anplwaye etablisman sa a rekonèt li, li aplike pou tout pasyan yo. Si w’ pa ka egzèse dwa sa yo poukont ou, dwa sa yo ap aplikab tou pou reprezantan legal otorize ke ou deziye. Kòm se objektif nou pou nou bay swen medikal ki efikas ak atansyone nan kapasite nou, misyon, ak filozofi, lwa ak règleman ki aplikab, nou soumèt sa yo ba ou kòm yon deklarasyon de politik nou.
DEKLARASYON DWA PASYAN YO
Ou menm, oswa lè sa apwopriye reprezantan deziye ou/reprezantan legal otorize ou, gen dwa pou yo enfòme sou dwa ou yo byen bonè dèke posib pandan dewoulman ospitalizasyon ou.
Ou gen dwa pou jwenn swen nan men pèsonèl konpetan ke yo bay avèk respè ki reflete konsiderasyon valè kiltirèl ak pèsonèl ou ak sistèm kwayans ou yo epi asire bon jan konfò ak diyite ou.
Ou gen dwa pou yon manm fanmi w’ oswa yon reprezantan ou chwazi, ak pwòp doktè ou konnen san pèdi tan lè ou rantre lopital la.
Ou gen dwa, lè ou mande sa, pou yo ba ou non doktè w’ la, non tout lòt doktè ki responsab trètman ou oswa moun ki patisipe dirèkteman nan swen ou, ak non epi wòl lòt pèsonèl swen sante, ki gen kontak dirèk avèk ou.
Ou gen dwa pou yo respekte konfidansyalite pwogram swen sante ou la. Diskisyon ka, konsiltasyon, egzamen, ak trètman yo dwe konsidere kòm konfidansyèl epi yo dwe fèt diskrètman, epi bay privasite vizyèl ak oditif rezonab lè sa posib. Sa gen ladann dwa, si ou mande sa, pou gen yon moun ki la pandan egzamen fizik, trètman, oswa lè pwosedi yo ap fèt, depi yo pa entèfere ak pwosedi dyagnostik oswa trètman yo. Sa gen ladan tou dwa pou mande yon transfè chanm si yon lòt pasyan oswa yon vizitè nan sal la deranje ou san rezon epi si yon lòt chanm apwopriye menm jan an pou bezwen swen ou yo disponib.
Ou gen dwa pou jwenn tout enfòmasyon, sa gen ladan dosye ki gen rapò ak swen medikal ou te resevwa rete konfidansyèl eksepte jan lalwa oswa aranjman kontra ak twazyèm pati yo prevwa sa.
Ou gen dwa pou ou konnen ki enstriksyon, lwa ak règleman ki aplike pou konduit ou antanke pasyan.
Ou gen dwa pou ou atann pou pwosedi ijans yo aplike san pèdi tan depi sa nesesè.
Ou gen dwa pou ou jwenn bon kalite swen nan yon nivo pwofesyonèl ki wo kote yo toujou ap egzamine epi revize yo.
Ou gen dwa pou ou jwenn enfòmasyon konplè byen senp, konsènan dyagnostik, trètman, ak pwonostik, ki gen ladan enfòmasyon sou lòt chwa trètman ak konplikasyon ki ka genyen. Byenke li pa rekòmande nan domèn medikal pou yo ba ou enfòmasyon sa yo, yo dwe pataje enfòmasyon yo nan non ou bay reprezantan legal otorize/moun ou chwazi a. Eksepte pou ijans, doktè a dwe jwenn konsantman reflechi ki nesesè a jan lalwa aplikab la defini anvan yo kòmanse nenpòt pwosedi oswa trètman, oswa toude.
Ou gen dwa pou ou pa patisipe nan okenn pwogram rechèch eksperimantal, pwogram donatè, oswa aktivite pou edikasyon sof si ou menm oswa reprezantan deziye ou/reprezantan legal otorize te bay konsantman reflechi anvan patisipasyon aktyèl ou nan yon pwogram konsa. Si ou menm oswa reprezantan deziye ou/reprezantan legal otorize pa ka bay konsantman, yon moun responsab gen dwa pou yo enfòme l’ lè yon pratisyen ap konsidere pasyan an pou yon pwogram rechèch medikal oswa yon pwogram donatè, epi ou menm oswa yon moun responsab dwe bay konsantman reflechi anvan patisipasyon aktyèl ou nan yon pwogram lan. Ou menm oswa yon moun responsab ka derefize kontinye nan yon pwogram ou te bay konsantman reflechi pou li.
Ou gen dwa pou ou aksepte swen medikal oswa pou derefize nenpòt medikaman, trètman, oswa pwosedi enstitisyon an ofri, nan limit lalwa pèmèt sa, epi yon doktè dwe fè w’ konnen konsekans medikal si ou pa aksepte yo.
Ou gen dwa pou gen asistans nan jwenn konsiltasyon ak yon lòt doktè si w’ mande epi peye pou sa.
Ou gen dwa pou w’ atann a bon jan jesyon teknik yo aplike nan etablisman swen sante sa a lè ou konsidere itilizasyon efikas tan w’ epi pou evite malèz pèsonèl ou.
Ou gen dwa pou w’ egzamine epi resevwa yon eksplikasyon detaye sou fakti ou.
Ou gen dwa pou jwenn tout enfòmasyon ak konsèy sou resous finansye yo konnen ki disponib pou swen sante ou.
Ou gen dwa pou w’ atann pou etablisman swen sante a ofri yon metòd kote yo enfòme ou sou egzeyat, sou egzijans pou kontinye jwenn swen sante apre egzeyat, ak mwayen pou jwenn yo.
Ou gen dwa pou ou mande yon revizyon sou kalite swen yo, desizyon pwoteksyon asirans, ak kesyon sou egzeyat ou.
Yo pa ka refize ou aksè a yon moun oswa yon ajans ki otorize pou aji sou non ou pou revandike oswa pwoteje dwa ki tabli nan seksyon sa a.
Ou gen dwa pou ou gen sèvis medikal ak swen enfimye san diskriminasyon ki baze sou laj, sèks, ras, koulè, etnisite, relijyon, sèks, andikap, zansèt, orijin nasyonal, eta sivil, sitiyasyon familyal, enfòmasyon jenetik, idantite oswa ekspresyon jan, oryantasyon seksyèl, kilti, lang, sitiyasyon sosyoekonomik, sitiyasyon viktim vyolans domestik oswa seksyèl, sous revni, oswa sous pèman.
Ou gen dwa pou ou gen bonjan evalyasyon ak jesyon doulè.
Ou gen dwa, an kolaborasyon avèk doktè oswa founisè swen sante ou, pou pran desizyon ki konsène swen sante ou. Dwa sa a aplike pou reprezantan legal otorize, paran, ak/oswa gadyen tibebe ki fenk fèt, timoun, ak adolesan. Desizyon yo ka gen ladan yo dwa pou refize medikaman, trètman, oswa pwosedi lopital la ofri, nan limit lalwa pèmèt sa.
Alòske etablisman swen sante sa a rekonèt dwa ou pou patisipe nan swen ak trètman w’ nan tout limit posib, gen sikonstans kote ou gen dwa pa kapab fè sa. Nan sitiyasyon sa yo, (pa egzanp, si selon lalwa ou enkonpetan, si doktè ou twouve pou pa anmezi pou konprann trètman oswa pwosedi yo pwopoze a, ou pa kapab kominike volonte ou konsènan trètman, oswa ou se yon minè ki pa emansipe) dwa ou yo dwe egzèse nan limit lalwa pèmèt, pa reprezantan ou deziye oswa lòt moun legalman otorize.
Ou gen dwa pou ou pran desizyon konsènan rete nan sèvis reanimasyon, kontinye oswa soti nan trètman pou rete vivan nan limit lwa ak règleman enstitisyon sa a.
Ou gen dwa pou resevwa swen nan yon anviwònman ki an sekirite ki san abi, arasman, neglijans, eksplwatasyon ni abi vèbal, mantal, fizik ak seksyèl.
Ou gen dwa pou ou pa gen kontrent ak izòlman ki pa nesesè sou plan medikal oswa ke anplwaye yo itilize kòm yon mwayen pou egzèse fòs, disiplin, fasilite oswa vanjans.
Ou gen dwa pou se sèl moun ki patisipe dirèkteman nan swen ou, moun ki kontwole kalite swen, oswa moun ki otorize pa lalwa oswa règleman yo ki pou li dosye medikal ou.
Ou gen dwa pou resevwa yon avi ekri ki eksplike kijan yo pral itilize ak pataje enfòmasyon pèsonèl sou sante ou avèk lòt pwofesyonèl swen sante andedan antite Penn Medicine ak deyò Penn Medicine. Ou menm oswa reprezantan deziye ou/reprezantan legal otorize, kapab, sou demann, gen aksè a enfòmasyon ki nan dosye medikal ou, sof si pratisyen an mete restriksyon presizeman pou aksè a dapre otorizasyon lalwa.
Ou gen dwa pou yo kominike avèk ou nan yon fason ki klè, presi e ki fasil pou konprann. Si ou pa pale anglè, ou dwe gen aksè, kote li posib, gratis, a yon entèprèt. Sa a gen ladan tou ba ou èd si ou gen pwoblèm vizyon, lapawòl, tande oswa andikap mantal.
Ou gen dwa pou patisipe nan konsiderasyon sou pwoblèm etik ki antoure swen ou, nan kad òganizasyon sa a etabli pou konsidere pwoblèm sa yo.
Ou gen dwa, san rekriminasyon, fè plent oswa doleyans konsènan swen ou, pou fè egzamine plent oswa doleyans sa yo, epi, lè sa posib, pou rezoud yo.
Ou gen dwa pou fòmile yon direktiv davans, ki gen ladan dwa pou nonmen yon ajan swen sante pou pran desizyon sou swen sante nan non ou. Etablisman sa a ak pwofesyonèl swen sante li yo, nan limit lalwa a ak misyon òganizasyon sa a, valè ak filozofi ap respekte desizyon sa yo. Si sa aplikab, ou responsab pou bay yon kopi direktiv davans pou bay etablisman an oswa moun kap bay swen an. Ou pa oblije genyen oswa ranpli yon "direktiv davans" pou ou ka resevwa swen ak trètman nan etablisman sa a. Lè etablisman sa a pa ka satisfè demann ou oswa bezwen swen ou paske gen konfli avèk misyon oswa filozofi nou, oswa nou pa kapab reponn a bezwen oswa demann ou, yo ka transfere ou nan yon lòt etablisman depi sa posib sou plan medikal. Yon transfè konsa ta dwe fèt sèlman apre ou menm oswa reprezantan legal otorize/moun ou chwazi a resevwa enfòmasyon konplè ak esplikasyon konsènan bezwen ou, ak lòt chwa nan plas transfè sa a. Transfè a dwe akseptab pou lòt enstitisyon an.
Ou gen dwa pou ou deside si ou vle vizitè ou non pandan sejou ou isit la. Ou ka chwazi ki moun ki ka vizite ou pandan sejou ou la. Moun sa yo pa bezwen gen rapò legal avèk ou. Yo ka gen ladan, pa egzanp, yon mari oswa madanm, patnè nan kay, ki gen ladan yon patnè menm sèks, yon lòt manm fanmi, oswa yon zanmi. Lopital la pa pral mete restriksyon, limit oswa refize nenpòt vizitè sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, relijyon, sèks, idantite oswa espresyon seksyèl, oryantasyon seksyèl oswa andikap. Lopital la ka bezwen limite oswa mete restriksyon sou vizitè pou pi bon swen pou ou menm oswa lòt pasyan yo. Ou gen dwa pou yo fè ou konnen nenpòt restriksyon oswa limit klinik konsa.
Ou gen dwa pou o chwazi yon manm fanmi, zanmi, oswa lòt moun kòm yon moun k’ap ba ou sipò pandan tan w’ap pase a oswa pandan vizit kay doktè oswa lòt trètman swen anbilatwa.
Ou gen dwa pou bay oswa derefize konsantman pou kreye oswa pou itilize anrejistreman, fim oswa lòt imaj ou pou lòt rezon pase pwòp swen ou, trètman oswa idantifikasyon ou antan ke pasyan.
POU PLIS ENFÒMASYON
Si ou gen kesyon oswa pwoblèm konsènan swen sante ou, tanpri pale avèk doktè ou, enfimyè, lòt lopital oswa reprezantan pratik anbilatwa a anvan ou kite sit klinik la. Si ou gen yon kesyon konsènan Deklarasyon Dwa ak Responsablite Pasyan an oswa yon plent oswa yon doleyans pasyan, kontakte sa ki annapre la yo:
Chester County Hospital
701 East Marshall Street
West Chester, PA 19380
Good Shepherd Penn Partners
1800 Lombard Street
Philadelphia, PA 19146
Hospital of the University of Pennsylvania
1 Silverstein, 3400 Spruce Street
Philadelphia, PA 19104
Penn Medicine Rehabilitation*
Inite Reyadaptasyon Pasyan Entène
Penn Medicine Rittenhouse- 3yèm ak 4yèm etaj
1800 Lombard Street
Philadelphia, PA 19146
*Yon etablisman Lopital Inivèsite Pennsilvani
Lancaster General Hospital
555 North Duke Street, P.O. Box 3555
Lancaster, Pennsylvania 17604-3555
Penn Presbyterian Medical Center
185 Wright Saunders, 39th & Market Streets
Philadelphia, PA 19104
Lopital Pennsylvania
1 Preston, 800 Spruce Street
Philadelphia, PA 19107
Ou ka voye kesyon oswa enkyetid konsènan Lwa sou Transferabilite ak Responsablite Asirans Sante (Health Insurance Portability and Accountability Act, HIPAA)/ afè an rapò ak konfidansyalite bay Konfidansyalite (Privacy Office) UPHS
Biwo:
Kourye Elektwonik: privacy@uphs.upenn.edu Telefòn: (215) 573-4492.
Pou Biwo Konfidansyalite Bon Shepherd Penn Partners: Kourye Elektwonik: privacy@gsrh.org Telefòn: (484)866-7949.
Si ou gen kesyon oswa enkyetid konsènan posib vyolasyon politik oswa
egzijans legal yo, ou ka kontakte (215) P-COMPLY ki se Liy pou Rapò
Konfidansyèl ak Èd. Liy pou Rapò Konfidansyèl ak Èd la (215) P-COMPLY
disponib pou ou lè ou rele (215) P-COMPLY oswa lè ou konekte nan
Ou ka dirije kesyon oswa enkyetid konsènan aksè ak aranjman
ba Responsab Aksè pou Andikap nan Sistèm Sante Inivèsite Pennsilvani an nan
Si ou menm oswa yon manm fanmi ou panse gen yon plent oswa doleyans
ki pa rezoud nan pwosesis rezolisyon lopital la, oswa kit ou te itilize
pwosesis doleyans lopital la, ou gen dwa pou kontakte
òganizasyon annapre la yo pou enkyetid ou yo san enkyetid pou vanjans.
Divizyon Swen Egi ak Anbilatwa nan Depatman Sante Pennsylvania (Pennsylvania Department of Health Division of Acute and Ambulatory Care)
Room 532 Health & Welfare Building 625 Forster Street
Harrisburg, PA 17120-0701
Sit entènèt: https://apps.health.pa.gov/dohforms/FacilityComplaint.aspx
Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (Centers for Medicare and Medicaid Services, CMS)
Kalite ak Apèl (866)815-5440
Ou ka ranpli yon Fòm Plent konsènan Kalite Medicare ki twouve li nan:
https://www.cms.gov/medical-bill-rights/help/submit-a-complaint
Pou enkyetid ki gen rapò ak kalite ak/oswa sekirite pwoblèm swen (ki gen ladan
egzeyat twò bonè) oswa sekirite anviwònman an, ou ka kontakte tou:
Komisyon Miks (The Joint Commission)
Anpasan pa sit entènèt: https://www.jointcommission.org/contact-us/ (klike sou Patient Safety Complaint [Plent Sekirite Pasyan])
Pa Lapòs:
The Office of Quality and Patient Safety (OQPS) The Joint Commission,
One Renaissance Boulevard, Oakbrook Terrace, Illinois 60181
Liy Enfòmasyon Pasyan Komisyon Miks lan sou fason pou rapòte yon plent,
Pou plent/doleyans ki gen rapò ak enkyetid dwa sivil:
Depatman Jistis Ameriken (The United States Department of Justice)
950 Pennsylvania Avenue, NW
Divizyon Dwa Sivil, Seksyon Dwa Moun Andikape (Civil Rights Division, Disability Rights Section) – 1425 NYAV Washington,
D.C., 20530
Fòmilè pou pote plent disponib sou entènèt nan: https://www.ada.gov/complaint/
Liy Enfòmasyon: 1-800-514-0301
Faks: 202-307-1197
Depatman Ameriken pou Dwa Sivil, Depatman Sante ak Sèvis Sosyal
Biwo Dwa Sivil
pa mwayen elektwonik an pasan pa Sit Entènèt Biwo pou Dwa Sivil la pou Pote Plent ki disponib nan:
https://ocrportal.hhs.gov/ocr/portal/lobby.jsf
oswa nan lèt pa lapòs osinon pa telefòn nan:
Centralized Case Management Operations
Depatman Ameriken pou Dwa Sivil, Depatman Sante ak Sèvis Sosyal
200 Independence Avenue, SW
Room 509F HHH Building Washington, D.C. 20201
Telefòn: 1-800-368-1019, 1-800-537-7697 (TDD)
Fòmilè pou pote plent disponib nan https://www.hhs.gov/ocr/office/file/index.html
Plent pa imèl: OCRComplaint@hhs.gov
DEKLARASYON RESPONSABLITE PASYAN YO
Pou ede pasyan yo resevwa bon jan kalite swen san danje, nou mande pou pasyan yo ak reprezantan legal otorize deziye yo aji annakò avèk politik ak règ Sistèm Sante Inivèsite Pennsilvani an (University of Pennsylvania Health System, UPHS) ak etablisman an.
Tanpri pran responsablite pou sa ki annapre la yo:
- Bay enfòmasyon egzak ak konplè sou plent aktyèl yo, kondisyon founisè w’ lan ta dwe konnen lè w ap pran swen w (pa egzanp alèji), maladi pase yo, ospitalizasyon yo, medikaman yo, direktiv davans, ak lòt bagay ki gen rapò ak istwa sante ou oswa swen pou ou resevwa trètman medikal efikas.
- Respekte machaswiv ak lòd medikal yo nan meyè kapasite ou, epi kolabore ak estaf etablisman an epi poze kesyon si ou pa konprann klèman machaswiv ak/oswa pwosedi yo.
- Rapòte si ou konprann plan aksyon ki te planifye a ak atant pou pran swen pèsonèl ou.
- Nan mezi sa posib, manm fanmi ou oswa responsab swen deziye ou yo/reprezantan legal otorize dwe disponib pou pèsonèl UPHS pou egzamine trètman w sizoka w pa kapab kominike kòrèkteman avèk moun k’ap ba ou swen sante ou yo.
- Fè aranjman pou yon moun responsab mennen ou lakay ou pou asire sekirite w’ pou pwosedi ki fèt menm jou yo.
- Fòk ou responsab pou aksyon ou yo si w’ refize swen oswa si ou pa respekte machaswiv pou swen yo.
- Fòk ou gen konsiderasyon pou lòt pasyan yo ak pèsonèl swen sante a, pou ede kontwole bri, vizitè yo ak foul moun nan etablisman an.
- Fòk ou gen respè pou pwopriyete lòt moun ak pwopriyete Sistèm Sante Inivèsite Pennsilvani an (UPHS). Yo p’ap tolere menas, vyolans, dezòd nan swen pasyan oswa arasman sou lòt pasyan, vizitè oswa anplwaye.
- Evite nenpòt aktivite ilegal sou pwopriyete UPHS lan. Si aktivite konsa rive, UPHS ka rapòte yo bay lapolis.
- Pa pran okenn medikaman oswa pwodui medikal founisè w’ pa t’ preskri ou epi estaf apwopriye bay yo; aksyon sa yo mete ou nan risk pou konplike oswa mete an danje pwosesis gerizon ou.
- Pa konsome bwason ki gen alkòl oswa sibstans toksik pandan vizit ou nan etablisman an.
- Pa pote revolvè /oswa zam nan etablisman an.
- Pa pran foto epi/oswa pa anrejistre pèsonn san otorizasyon.
- Pa fè kòmantè ofiskan, derespektan oswa diskriminatwa sou ras, aksan, relijyon, jennda, idantite jennda, oryantasyon seksyèl, oswa lòt karakteristik pèsonèl lòt moun.
- Pa pote okenn bagay ki gen anpil valè avèk ou nan etablisman an. Si ou dwe pote bagay ki gen anpil valè, tanpri bay tout bagay ki gen valè ou ta ka pote yo ba fanmi w’/responsab swen w’/eskòt ou pou sekirite bagay yo.
- Obsève règleman ki entèdi fimen nan etablisman an.
- Konfòme w’ ak Kòd Konduit pou Pasyan, Vizitè ak Anplwaye Penn Medicine.
- Pran responsablite finansye pou peye pou tout sèvis yo bay swa pa mwayen lòt pati (konpayi asirans ou) oswa ou menm ki responsab pèsonèlman pou pèman pou nenpòt sèvis kontra asirans ou pa kouvri.
Tout ekip Penn Medicine nou an remèsye ou dèske w’ chwazi resevwa swen sante ou isit la. Se yon plezi pou nou sèvi epi pran swen ou.
1 Penn Medicine consists of the Perelman School of Medicine at the University of Pennsylvania and the University of Pennsylvania Health System and its subsidiaries and affiliates, including but not limited to the Hospital of the University of Pennsylvania, Pennsylvania Hospital, Penn Presbyterian Medical Center, Chester County Hospital, Lancaster General Health, Lancaster General Hospital, Lancaster General Medical Group, The Heart Group of Lancaster General Health, Lancaster General Health – Columbia Center, Penn Medicine Home Health Lancaster General Health, Penn Medicine Princeton Health, Penn Medicine Princeton Health Behavioral Health, Penn Medicine Princeton Medicine Physicians, Penn Medicine Home Health Princeton Health, Penn Medicine Hospice Princeton Health, all separately licensed Ambulatory Surgical Facilities or Ambulatory Care Facilities including: Penn Medicine Radnor Surgery Facility, a facility of the Hospital of the University of Pennsylvania, Hospital of the University of Pennsylvania Reproductive Surgical Facility, The Surgery Center of Pennsylvania Hospital, Endoscopy Center of Pennsylvania Hospital, The Surgery Center at Penn Medicine University City, a facility of Penn Presbyterian Medical Center, Penn Digestive and Liver Health Center University City, a facility of Penn Presbyterian Medical Center, Penn Presbyterian Infusion Services, a facility of Penn Presbyterian Medical Center, Penn Radiology Cherry Hill, The NeuroSpine Center, Physician’s Surgery Center Lancaster General, LLC, The Lancaster General Hospital Ambulatory Surgical Facility, Princeton Endoscopy Center LLC, and the Clinical Practices of the University of Pennsylvania, Clinical Care Associates, Penn Medicine Medical Group, Good Shepherd Penn Partners, Clinical Health Care Associates of New Jersey, Presbyterian Center for Continuing Care, and Penn Medicine at Home, Penn Institute for Rehabilitation Medicine.
<linkclump-plus></linkclump-plus><linkclump-plus></linkclump-plus>