HIPAA: Avi sou Pratik Vi Prive

AVI SA A DEKRI KÒMAN OU KA ITILIZE AK DEVWALE ENFÒMASYON MEDIKAL KI KONSÈNE OU AK KÒMAN OU KA GEN AKSÈ NAN ENFÒMASYON SA A. TANPRI EGZAMINE LI AK ANPIL ATANSYON.

NOU PRAN ANGAJMAN POU RESPEKTE VI PRIVE OU

Nou konprann enfòmasyon sou ou ak sou sante w se bagay ki pèsonèl anpil. Nou fè tout efò pou pwoteje enfòmasyon prive pasyan nou yo. Lalwa oblije nou pou pwoteje konfidansyalite enfòmasyon medikal pwoteje pasyan nou yo (Protected Health Information, “PHI”). Epitou nou oblije bay avi sou devwa legal nou genyen yo ak pratik sou vi prive anrapò ak PHI ak respekte kondisyon ki nan Avi sou Pratik Konfidansyalite ki anvigè kounye a. Nou bay tèt nou dwa pou chanje kondisyon ki nan Avi sa a epi pou nou fè yon nouvo Avi anvigè pou tout PHI nou kenbe yo.

POU KIYÈS AVI SA A APLIKE

Kondisyon ki nan Avi sa a aplike pou Penn Medicine, ki gen ladan Perelman School of Medicine nan University of Pennsylvania ak University of Pennsylvania Health System ak filyal ak afilye li yo, sa gen ladan men se pa yo sèlman, Lopital University of Pennsylvania, Pennsylvania Hospital, Penn Presbyterian Medical Center, Chester County Hospital, Lancaster General Health, Lancaster General Hospital, Lancaster General Medical Group, The Heart Group of Lancaster General Health, Lancaster General Health - Columbia Center, Penn Medicine Home Health Lancaster General Health, Penn Medicine Princeton Health, Penn Medicine Princeton Health Behavioral Health, Medsen Penn Medicine Princeton Medicine, Penn Medicine Home Health Princeton Health, Penn Medicine Hospice Princeton Health, Pratik Klinik nan University of Pennsylvania, Clinical Care Associates, Good Shepherd Penn Partners, Clinical Health Care Associates of New Jersey, Presbyterian Center for Continuing Care, ak Penn Medicine Lakay. Avi sa a aplike tou pou doktè yo, pwofesyonèl otorize yo, anplwaye yo, volontè yo, ak estajyè ki wè ak trete pasyan yo nan anviwònman swen Penn Medicine posede ak opere. Avi sa a pa aplike nan kabinè medikal prive pa yo pou founisè Penn Medicine ki pa anplwaye.

Nou pran angajman pou ekselans nan bay sèvis swen sante dènye kri pa mwayen pratik swen pasyan, edikasyon, ak rechèch. Genyen anba yon deskripsyon sou kòman enfòmasyon sou sante ou yo pral itilize ak kominike pou fè misyon sa a avanse.

ITILIZASYON AK DIVILGASYON ENFÒMASYON MEDIKAL PWOTEJE OU KI PA NESESITE OTORIZASYON

Tretman. Pa egzanp, doktè, enfimyè, ak lòt manm pèsonèl ki patisipe nan swen ou yo pral itilize ak kominike PHI ou pou kowòdone swen ou yo oswa pou planifye yon rejim tretman pou ou

Pèman. Pa egzanp, nou ka kominike enfòmasyon konsènan pwosedi medikal ou yo ak tretman ou ba konpayi asirans ou pou fè aranjman pou peman pou sèvis nou ba ou yo.

Operasyon Swen Sante. Pa egzanp, nou ka kominike PHI ou pou bòdwo oswa pou sipò entèprèt. Nou ka itilize PHI ou pou fè yon evalyasyon sou tretman ak sèvis ki bay yo oswa pou egzamine pèfòmans estaf la. Nou ka kominike PHI ou pou fè edikasyon ak fòmasyon pou doktè, enfimyè, teknisyen, etidyan medsin, rezidan, bousye ak lòt moun.

Echanj Enfòmasyon Sante. Nou patisipe nan inisyativ pou fasilite pataj elektwonik enfòmasyon sou pasyan yo, sa gen ladan men se pa sa sèlman, Echanj Enfòmasyon sou Sante yo (Health Information Exchanges, HIEs). HIE yo gen ladan pataj kowòdone enfòmasyon ant manm HIE yo pou fè tretman, peman ak operasyon swen

Ou ka patisipe nan pataj enfòmasyon Penn Medicine pa mwayen aktivite HIE li yo. Si ou vle retire tèt ou ladan, tanpri pale avèk asosye sèvis pasyan/kliyan ou oswa

kontakte Biwo Pwoteksyon Vi Prive Penn Medicine jan sa dekri anba a. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou HIE yo nan paj Opsyon Konfidansyalite Pasyan sou sit entènèt Penn Medicine lan: https://www.pennmedicine.org/patient-resources/policies/patient-privacy-options.

Anyè Etablisman nou an. Nou itilize enfòmasyon sa yo pou nou jere yon anyè pasyan ki entène ki endike non yo, nimewo chanm yo, eta sante jeneral yo epi, si yo vle, relijyon yo. Amwenske ou chwazi pa mete enfòmasyon w nan anyè a, enfòmasyon ou bay yo (sòf pou enfòmasyon sou relijyon w) ka kominike bay nenpòt moun ki mande l si l site non w. Yo kapab bay enfòmasyon sa yo tou, sa gen ladan afilyasyon relijye ou, ba manm legliz la, menm si yo pa mande pou ou pa non ou. Si ou ta vle yo pa mete enfòmasyon ou nan anyè sa a, tanpri kontakte asosye sèvis

pasyan/kliyan ou.

Ba Moun Ki Patisipe Nan Swen Ou. Depi ou pa opoze ak sa, baze sou jijman pwofesyonèl nou, nou ka kominike PHI ou ba yon manm fanmi oswa lòt moun si yo patisipe nan swen ou oswa si yo peye pou swen ou. Menm jan tou, nou ka kominike PHI limite tou ba yon antite otorize pou ede nan efò sekou pou katastwòf nan bi pou kowòdone notifikasyon sou eta jeneral ou oswa sou kote ou ye ba yon moun ki responsab pou swen ou.

Kòlèk lajan. Nou ka kontakte ou pafwa pou fè don nan yon efò pou kòlèk lajan onon nou. Si ou ta vle retire tèt ou nan resevwa kominikasyon sa yo, tanpri ale sou:

http://www.pennmedicine.org/fundraising-opt-out.

Kominike avèk Ou. Nou pral itilize PHI ou pou kominike avèk ou sou yon kantite sijè enpòtan, sa gen ladan enfòmasyon sou randevou, swen ou yo, opsyon tretman yo ak lòt sèvis anrapò ak sante, peman pou swen ou, ak okazyon pou patisipe nan rechèch, akondisyon Komite Revizyon Enstitisyonèl (IRB) University of Pennsylvania ak/oswa IRB nan Dosye apwouve sansibilizasyon pou rechèch sa a, gade seksyon Rechèch ki anba a.

Nou ankouraje pou ou enskri nan pòtay pasyan nou an pou voye ak pou resevwa kominikasyon nan fason ki bon pou ou ak an sekirite epi kominike preferans ou sou kijan pou nou kontakte ou. Pòtay pasyan an se www.MyPennMedicine.org, oswa pou LGH, www.MyLGHealth.org.

Nou ka kontakte ou tou pou kominikasyon sa yo pa imèl, nimewo telefòn oswa adrès ou bay la, sa gen ladan nan mesaj tèks. Si enfòmasyon pou kontakte ou chanje, li

enpòtan pou ou fè nou konnen sa. Tèks ak imèl yo pa an sekirite a 100%. Konsènan mesaj tèks yo, tanpri konnen ou ka gen pou peye tarif pou mesaj tèks ak done epi ou pral gen okazyon chwazi pou pa patisipe.

Rechèch. Nou ka itilize ak kominike PHI ou dapre otorizasyon lwa aplikab la pou rechèch. Sa depann de otorizasyon ou ak/oswa sipèvizyon IRB University of

Pennsylvania a, komite ki responsab pwoteje dwa vi prive ak sekirite nan rechèch k ap fèt sou moun.

Antanke yon sant medikal inivèsitè, Penn Medicine bay sipò l nan rechèch k ap fèt e yo ka kontakte w pou envite w patisipe nan kèk aktivite rechèch. Si ou pa vle pou yo

kontakte ou pou fè rechèch, tanpri enfòme asosye sèvis pasyan/kliyan ou an, oswa pou LGH, tanpri kontakte LG Health Research Institute lan. Nan ka sa, nou pral fè efò rezonab pou anpeche sansibilizasyon anrapò ak rechèch. Konnen Penn Medicine ka kontinye sèvi ak PHI ou pou fè rechèch jan sa dekri anwo a epi founisè swen ou yo ka pale sou rechèch la avèk ou.

Patnè Komèsyal. Pafwa, nou dwe kominike PHI ou ba moun oswa òganizasyon andeyò Penn Medicine ki ede nou pou aktivite peman/bòdwo nou yo ak pou operasyon swen sante. Nou mande pou patnè komèsyal ak kontraktè sa yo pwoteje PHI ou kòmsadwa.

Lòt Itilizasyon ak Divilgasyon. Lalwa gendwa otorize oswa egzije pou nou fè sèten lòt itilizasyon ak kominikasyon PHI ou san otorizasyon ou. Depann de kondisyon lalwa presize, nou ka kominike PHI ou:

  • pou nenpòt objektif lalwa egzije
  • pou aktivite sante piblik, sa gen ladan rapò obligatwa sou maladi, blesi, nesans ak lanmò, pou ankèt sante piblik obligatwa, ak pou rapòte evènman negatif oswa pèmèt rapèl pwodui
  • ba ajans leta yo si nou sispèk abi oswa neglijans sou timoun/granmoun aje. Nou ka kominike PHI ou ba ajans leta yo tou si nou kwè ou se yon viktim abi, neglijans oswa vyolans nan kay
  • ba patwon ou lè nou te bay fè depistaj ak swen sante sou demann yo pou sante ak sekirite nan travay
  • ba yon ajans sipèvizyon leta k ap fè odit, ankèt, enspeksyon ak fonksyon sipèvizyon asosye
  • nan ijans, tankou pou anpeche yon bagay grav epi ki prèt pou rive sou yon moun oswa sou piblik la
  • si yon tribinal oswa yon lòd administratif, manda oswa demann kominikasyon egzije sa
  • pou rezon aplikasyon lalwa, sa gen ladan ba responsab fòsdelòd yo idantifye oswa pou jwenn sispèk, moun ki sove oswa temwen, oswa viktim krim
  • ba kowonè, doktè egzaminatè ak responsab ponp finèb
  • si sa nesesè pou fè aranjman pou don ògàn oswa tisi oswa transplantasyon
  • pou aktivite sekirite nasyonal, ransèman, oswa sèvis pwoteksyon yo
  • pou rezon anrapò ak avantaj konpansasyon travayè ou

ITILIZASYON AK KOMINIKASYON ENFÒMASYON SOU SANTE PWOTEJE OU BAZE SOU YON OTORIZASYON SIYEN

Eksepte pou rezon ki pi wo yo, nou p ap itilize oswa kominike PHI ou pou okenn lòt bagay amwenske ou siyen yon fòmilè ki bay otorizasyon pou itilizasyon oswa divilgasyon. Ou ka revoke yon otorizasyon alekri, sòf ankake nou te deja apiye sou otorizasyon an.

Nan kèk sitiyasyon, yon fòm otorizasyon siyen obligatwa pou itilizasyon ak kominikasyon PHI ou, sa gen ladan:

  • pifò itilizasyon epi divilgasyon nòt sikoterapi
  • itilizasyon ak kominikasyon pou rezon maketing
  • kominikasyon ki reprezante lavant PHI
  • itilizasyon epi divilgasyon pou kèk pwotokòl rechèch

jan lwa sou vi prive egzije sa. Lwa ak règleman yo onivo Eta ak/oswa onivo federal pwoteje presizeman konfidansyalite dosye tretman pou twoub itilizasyon

  • sibstans ak pou sante mantal ansanm ak enfòmasyon anrapò ak VIH ke konsève. Anjeneral, nou pa ka kominike enfòmasyon sa yo sòf si ou bay konsantman alekri, sòf si yon lòd tribinal otorize kominikasyon an, oswa nan lòt sikonstans limite, reglemante.

DWA OU GENYEN YO

Aksè ak PHI ou. Anjeneral, ou ka jwenn aksè ak enspekte kopi sou papye oswa kopi elektwonik sèten PHI nou konsève ki konsène ou. Ou ka jwenn aksè fasilman ak

anpil nan enfòmasyon sou sante ou yo san frè pa mwayen itilizasyon pòtay pasyan an, ki se www.MyPennMedicine.org oswa, pou LGH, www.MyLGHealth.org. Ou ka jwenn aksè ak enfòmasyon ou yo tou pa mwayen depatman Jesyon Enfòmasyon

sou Sante, ke ou ka kontakte nan HIMRequests@uphs.upenn.edu. Konfòmeman

avèk frè fikse dapre lwa federal ak lwa Eta a, nou ka fè ou peye pou yon kopi dosye medikal ou yo.

Modifikasyon nan PHI ou. Ou ka mande modifikasyon, oswa chanjman nan sèten PHI ke nou konsèe ki konsène ou ke ou panse ki gendwa pa kòrèk oswa pa konplè.

Tout demann pou chanjman yo dwe fèt alekri, oumenm oswa reprezantan ou dwe siyen yo, epi yo dwe endike rezon an pou demann lan. Si nou deside fè yon modifikasyon, nou ka enfòme tou sou chanjman an lòt moun ki gen kopi enfòmasyon yo. Konnen menm si nou aksepte demann ou an, nou ka pa efase nenpòt enfòmasyon ki deja dokimante nan dosye medikal ou.

Kontrandi sou Divilgasyon PHI ou. Annakò ak lwa aplikab, ou ka mande yon kontrandi pou sèten kominikasyon PHI ou nou te fè. Demann sa a dwe fèt alekri epi ou oswa reprezantan ou dwe siyen l. Sa pa gen ladan kominikasyon ki fèt pou rezon tretman, peman, oswa operasyon swen sante oswa pou sèten lòt eksepsyon limite.

Yon kontrandi ap gen ladan kominikasyon ki fèt nan sis ane anvan dat yon demann.

Restriksyon sou itilizasyon ak Divilgasyon PHI ou. Ou ka mande mete restriksyon sou sèten itilizasyon ak kominikasyon PHI ou nou fè pou tretman, peman, oswa

operasyon swen sante. Nou pa oblije dakò, men nou pral eseye reponn ak demann rezonab lè sa apwopriye.

Restriksyon sou Divilgasyon ba Plan Sante yo. Ou ka mande yon restriksyon sou sèten kominikasyon PHI ou ba plan sante ou. Nou oblije respekte demann sa yo sèlman lè sèvis ki depann de demann lan peye okonplè. Demann sa yo dwe fèt alekri epi yo dwe idantifye pou ki sèvis restriksyon yo pral aplike.

Kominikasyon Konfidansyèl. Ou ka mande pou nou kominike avèk ou pa lòt mwayen oswa nan lòt kote, epi n ap reponn ak demann rezonab yo. Ou dwe mande kominikasyon konfidansyèl sa alekri nan chak depatman ou ta renmen ki reponn ak demann lan.

Notifikasyon pou Vyolasyon. Si gen nenpòt vyolasyon PHI ou ki pa garanti, nou oblije enfòme ou alekri san reta ki pa rezonab, e pa pita pase 60 jou apre nou dekouvri vyolasyon an.

Kopi Avi a sou Papye. Ou ka jwenn yon kopi Avi sa a sou papye, menm si ou te dakò pou resevwa yon kopi elektwonik.

ENFÒMASYON ANPLIS

Plent. Si ou kwè ke yo te vyole dwa vi prive ou, ou ka depoze yon plent bò kote Penn Medicine Chief Privacy Officer, Office of Audit, Compliance & Privacy, St.

Leonard’s Court, 3819 Chestnut Street, Suite 214, Philadelphia, PA l9l04.

Ou kapab pote plent tou bay Sekretè Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini an nan Washington D.C.

Yon plent dwe fèt alekri epi li pa pral afekte okenn fason kalite swen nou ba ou yo.

Pou plis enfòmasyon. Si ou gen kesyon sou Avi sa a, oswa sou demann konsènan vi prive, tanpri kontakte Biwo Konfidansyalite Penn Medicine lan nan 215-573-4492

oswa privacy@uphs.upenn.edu.

Dat Antre Anvigè. Avi sou Pratik Vi Prive sa a antre anvigè apati 1ye jiyè

Read the HIPAA notice of Privacy Practices in English.

Follow us